KOLEKSYON Kreyòl Pale... Kreyòl Konprann

Jan Kreyòl la pale sou tè Ayiti Toma

LÈ VALÈ MORAL YO DISPARÈT NAN YON SOSYETE

Père Robert Pierre-Louis

Kòmansman refleksyon sou lavi moral disip Kris la Lè valè moral yo disparèt nan yon sosyete, respè pou sa moun nan ye a disparèt an menm tan tou. Kote ki gen moral, se kote sa a tout kretyen vivan ka viv ak tèt li byen dwat, paske li jwenn respè pou sa li ye a. Avan nou ale pi lwen, an nou poze kèk kesyon. Kesyon sa yo se tout moun ki ta dwe poze yo. Kisa mwen ye kòm moun? Jan m’ap viv la, eske mwen viv tankou yon kretyen vivan ta dwe viv? Eske mwen se yon moun? Kisa moun nan ye? Kisa ki fè mwen merite yo rele mwen yon moun? Se nan menm sans sa, sila a ki ekri sòm yo mande: “Kisa moun nan ye pou ap panse a li? Kisa Kretyen vivan an ye pou li toujou nan memwa ou (Bondye)’’ sòm 8, 4 – 5. Kretyen vivan sanble yon ti foumi devan tout sa Bondye kreye yo. Men se li Bondye konfye tout sa li kreye yo, pou li domine sou yo, pou li kontinye zèv li yo, pandan l’ap fè sa ki byen ak sa ki bon. Se sèlman lòm Bondye kreye ki sanble ak li: nan entelijans, nan renmen, nan libète li ak nan responsablite li genyen. Chak kretyen vivan se tankou yon foto – yon foto yon lòt reyalite ki gen gran valè. Ou pa ka konprann foto sa a si ou pa konnen moun ki sou foto a an pèsòn. Bondye kreye moun nan daprè imaj li – moun nan sanble ak Bondye, nan entelijans li, paske Bondye se limyè ki p’ap janm etèn nan;(1) nan kapasite pou li renmen, paske Bondye se renmen (2) an menm. Gen yon tan, nan epòk mwayenn aj – lè sa a tout moun te kwè nan Bondye; tout bagay nan sosyete a te òganize an fonksyon yon Bondye ki gran. Men se pa sa li ye jounen jodi a. Endepandans ak libète pou tout moun, se sa k’ap pale tout kote. Yo retire Bondye nan jwèt la. Tout kote ou pase ou tande pale de dwa moun : dwa medam yo, dwa travayè yo, dwa omosesksyèl yo, elatriye. Nan epòk nou ye la a, yo vle fè nou konprann nou pa bezwen Bondye pou nou esplike sa moun nan ye. Li ka egziste san Bondye. Kòman nou fè rive la? ‘‘Bondye pa vle ou manje fwi pye bwa sa a, paske li konnen trè byen, si ou manje ladan li w’ap vin tankou li.’’ Demon an fè moun nan konprann, se pa vre, Bondye pa vle sa ki byen pou li – se jalouzi li genyen – sa fè Bondye vin tounen lènmi an, li pa vle nou lib, li vle kenbe nou nan lesklavaj. Anpil (se pa tout) filozòf pran ide sa a, yo travay li, yo elabore li – yo fè li vin lojik, epi yo mete li nan tèt moun. Ti kras pa ti kras, moun yo vin panse: fò yo retire, fò yo elimine Bondye, pou moun ka lib. Se konsa, kretyen vivan vin panse li se sèl kòk chante – pa gen yon kote li pa ka rive ak entelijans li – pa gen anyen li pa ka fè. Renmen ak responsablite disparèt, se sèlman libète ki rete. Mwen ka fè sa mwen vle, lè mwen vle. Nietzsche se yon filozòf alman – li fèt nan lane 1844, li mouri nan lane 1900. Li fèt nan yon fanmi kretyen, papa li se te yon pastè legliz pwostestan. Malgre sa, li fè tout karyè filozòf li pou li montre Bondye pa egziste. Tout moun konnen ti fraz sa a ki soti nan youn nan liv li yo: ‘‘Bondye mouri.’’(3) Se yon egzanp nan plizyè filozòf ak ekriven ki travay pou bati yon tè san Bondye. Travay filozòf sa yon gen gran konsekans nan kilti, syans, etid. Sa yo rele syans imèn yo (Psikoloji, sosyoloji, antwopoloji – etnoloji e menm syans ki etidye fonksyònman lang yo…) vin tounen yon zouti pou montre pa gen Bondye. Lafwa, relijyon tounen yon zafè prive, yo pa anseye yo nan lekòl ankò. Se sa ki fè Lévi-Strauss di: ‘‘Wòl syans imèn yo se pa pou mete kretyen vivan an kanpe nan sa li ye kòm moun, men se pou fè li disparèt.’’(4) Michel Foucault pran lide Lévi-Strauss la, li devlope li, li di : ‘‘Jan nou konprann kretyen vivan an jounen jodi a, se yon envansyon ki pa la twò lontan, se de syèk sèlman depi nou konprann li jan nou konprann li a, men jou nou ta jwenn yon lòt fason pou nou esplike sa moun nan ye, sa nou konprann li ye jounen jodi a ap disparèt.’’(5) Nan epòk mwayen naj, se te labib ak relijyon ki di sa moun nan ye. Men nan epòk pa nou, pou filozòf ak ekriven yo, se nèg save, syantis ki ka konprann fonksyònman moun nan, epi se yo menm ki di sa kretyen vivan an – se pa Bondye, ni labib ki di sa li ye. Ki sa ki bay yon kretyen vivan diyite li kòm moun? Ou pa gen diyite paske ou se fi, oubyen paske ou se gason – ou pa dwe ap chèche diyite ou paske ou se travayè oubyen ou se omo. Depi nan vant manman nou, nou gen diyite nou. Malere, moun rich, ti moun, sa ki nan vant manman yo tankou sa ki deja fèt, sa ki entatad, sa ki nan koma, vivan gaya, malad – preske mouri; paske Bondye kreye nou nan libète, li kreye nou gratis, se sa ki fè nou merite yo rele nou moun – se sa ki fè yo dwe respekte nou. Se nan menm sans sa a Katechis Legliz Katolik la di: ‘‘Bondye kreye kretyen vivan an nan imaj li, se sa ki fè li gen tout diyite li’’ (Katechis Legliz Catolik # 1700). Chak fwa nou ap chèche konprann sa moun nan ye, si nou pa mete li nan kontèks yon reyalite ki kreye nan renmen Bondye a – yon reyalite Bondye li menm kreye – nou riske pase a kote. Tout moun ki ap viv lavi li lwen fason Bondye te vle pou moun nan viv p’ap janm rive jwi yon kè kontan ki konplè. Paske se Bondye ki kreye nou, li konnen nou pi plis pase nou konnen tèt pa nou – li konnen kisa k’ap bon pou nou. La Basilique de St. Patrick – Montréal, Canada 16/01/2019 Referans: (1) 1 Jan 1, 5 (2) 1 Jan 4, 8 (3) ‘‘Dieu est Mort’’ – nan liv li ki rele : ainsi parlait zarathoustra (4) La pensée sauvage, Pari, Presses Pocket, 1985, p. 294 ( se otè a ki tradwi panse sa a nan kreyòl Ayisyen an). (5) Les mots et les choses, Paris, Gallimard, 1966, p. 15 ( se otè a ki tradwi panse sa a nan kreyòl Ayisyen an).

Aprann konnen bib la chak jou pandan yon lane sèlman! Klike la:

 uuu
Radio Providence Une source inépuisable de bien-être

© 2017-2023 • Koleksyon Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann