Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann!
Li pa ase pou nou ap di nou gen yon lang. Li pa ase pou nou ap fè pwomosyon lang kreyòl la. Li ta bon pou nou travay lang lan, panse li, mete disiplin nan fason li dwe pale. Nou pa nan stad pou nou poze kesyon: Èske kreyòl la se yon lang? Men si nou renmen lang sa, nou dwe mande: Èske kreyòl nou pale la a ka kanpe debou devan anglè, fransè, espanyòl, elatriye? Nou pa ka ap pwoteje san nou pa bati, san nou pa bay sa nou gen nan men nou an jarèt pou li ret kanpe. Nou pa ka vann yon pwodwi si nou pa travay pwodwi sa a anvan nou mete li sou mache a, pou yo pa retounen li bannou.
Nan tout lang gen yon rit, gen yon dimansyon pwatik, konkrè – epi gen yon dimansyon konseptyèl, abstrè. Lang lan efikas, lè, ak yon sèl mo ou di yon pakèt koze, epi lè vokabilè li rich. Nan chak lang gen yon fason yo pale li nan la ri: zanmi ak zanmi, ak moun ou pa rekonèt, gen yon fason yo pale li nan pami moun entelektyèl yo, gen yon fason yo pale li nan fanmi, gen yon fason yo pale li nan lekòl yo (mwen pa parèt sou pwofesè mwen epi mwen di li: sa k’ap fèt la a patnè? Lè li mande mwen: Sa sa vle di? Epi mwen di li: se kreyòl m ap pale), gen yon fason yo pale li nan chak kouch sosyete a. Gen yon fason yo pale, gen yon fason yo ekri.
Si ou pran yon egzanp nan sa yo rele kontraksyon – tou lang itilize kontraksyon, se yon fason ki efikas pou ou pale, ki fè ou pran mwens tan pou ou di yon bagay: “m pa ta ka konprann ti gason an ta ka di gwosè koze sa a”. Epi, moun nan lwès dwe konnen jan yo pale lang lan nan zòn pa yo, se pa konsa tout moun pale li nan peyi a, ni nan vokabilè ni nan aksan. Nou dwe sonje tou, se pa sèl peyi nou an ki pale lang lan, menm si gen diferans nan jan yo pale li nan lòt peyi yo. Kreyòl la ap grandi pou li pran plas li kòm lang. Men si nou pa fè byen, n ap fè li vin pòv. Chak fwa yon moun di: se kreyòl m ap pale, mwen di bagay jan mwen vle, jan mwen vle li sonnen an – moun sa a mete akote: dimansyon konvansyonèl ki genyen nan yon lang – li fè ou awogan nan kesyon lang: mwen prete mo a nan lòt lang: men mwen di mo a jan mwen vle, paske se kreyòl m ap pale.
Yon lòt bagay ki fè lang kreyòl vin pòv – se sa nou rele fenomèn “kale zonyon” an: retire kouch sa a, li pa kreyòl, retire kouch sa a, paske li se yon kreyòl fransize – ou pa tande kòman yo pale li nan lari a: “Nou la, n ap gade apre God”. Sa ki God la? Ou pale ak yon etidyan Dominikani, li di ou: “Pitit, mwen gen yon orario nan univèsidad la, manman pitit se mare senti.” Sa ki oraryo a? Eske li fransize pou mwen ta di: mwen gen yon orè nan inivèsite a? Si nou kwaze bra nou, epi chita ap repete nou gen yon lang, gen yon lè n ap gade, epi n ap mande: Se kisa ki kreyòl la vrèman? Yon krèyòl: “mouin” oubyen “mwen”. Lang nou pale a: li pran rasin li nan istwa nou, orijin nou, pase nou, eksperyans nou, relasyon nou ak lòt pèp ki antoure nou. Se pa lòt peyi ki di nou kijan pou nou pale ak kijan pou nou ekri lang manman nou an.