(ANE C)

LÈKTI DIMANCH

Dezyèm Dimanch tan Karèm

Sèvis pawòl la: (Ane C)

““Sila a se pitit mwen an sa mwen renmen anpil la, koute li””

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

PREMYE LÈKTI

Lèkti li Lajenèz    15, 5–12, 17–18

Granmèt la mennen Abraram deyò a, li di li: Gade syèl la, konte tou zetwal yo, si ou kapab. Granmèt la di li: Se konsa m’ap fè pitit ou yo vin anpil. Abraam mete lafwa li nan Granmèt la se sa ki fè Granmèt la pran Abraam pou yon moun kòrèk.

Li di l: Se mwen menm Granmèt la, se mwen ki mennen ou soti nan vil Our nan peyi Kaldeyen yo pou mwen ka ba ou tè sa pou li rele ou chè mèt chè mètrès. Abram di li: Men Granmèt, kòman m ap fè konnen tè sa a se pa-m li ye? Li reponn, li di l: al chèche yon ti femèl bèf ki gen twazan, yon ti kabrit ki gen twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon, pote yo ban mwen.’’  Abraam mennen tout bèt sa yo ba li – li touye yo epi li separe chak bèt yo an de, li fè de ranje ak yo, men li pat koupe zwazo yo an de. Gwo zwazo ki renmen manje vyann te vle fonse sou bèt yo pou vin manje yo, men Abraam te rete la ap veye yo. Lè solèy la t ap kouche, yon somèy lou tonbe sou Abraam, epi yon gwo fè nwa vlope li.

Lè solèy la fin kouche, li vin fè nwa, vin gen yon boukan dife k ap fè lafimen, yon flanbo dife vin pase nan mitan moso bèt yo ki te separe an de yo. Se nan moman sa a menm Granmèt la te pase yon kontra ak Abraam; li di l: M ap bay pitit ou yo tè sa, soti depi rivyè Lejip la pou rive jouk gran rivyè Efrat la.

Pawòl Granmèt la.

 

SÒM REPONS    27, 1, 7–8, 8–9, 13–14

R/ Se Granmèt la ki limyè mwen, li se delivrans mwen.

1. Se Granmèt la ki limyè mwen, li se delivrans mwen; kiyès ki ka fè mwen pè? Se nan Granmèt la mwen kache lavi mwen – devan kiyès pou mwen ta tranble? R/

2. Granmèt tanpri, koute vwa mwen k ap rele; pran pitye pou mwen, reponn mwen. Se pawòl ou sèlman m ap repete nan kè mwen: chèche fas Granmèt la. R/

3. Se prezans ou m ap chèche Granmèt. Pa kache fas ou pou mwen pa wè li, pa chase sèvitè ou an ak kòlè. Se ou menm k ap pote mwen sekou, pa voye mwen jete. R/

4. Mwen kwè mwen gen pou mwen wè jan Granmèt la bon, sou tè sa kote moun yo byen vivan an.  Ret tann Granmèt la avèk kouraj, pran kè, ret tann Granmèt la. R/

 

DEZYÈM LÈKTI

Lèkti lèt apot Pòl pou Filipyen yo  3,17-21.4,1

Frè ak sè mwen yo, nou se sitwayen syèl la, sovè n’ap tann lan – Jezi Kri Granmèt la, se la l’ap soti. L’ap vin chanje kò feblès nou an pou li mete li an akò ak kò bèlte li a, l’ap fè sa nan menm pouvwa ki pèmèt li mete tout bagay anba lòd li. Se poutèt sa frè ak sè mwen yo, nou menm mwen renmen anpil la, nou menm ki banm kouwòn kè kontan an, se pou nou kanpe solid nan Granmèt la.

Pawòl Granmèt la!

 

Aklamasyon Mt. 17, 5

Alelouya, alelouya. R/ “Nan nyaj yo ki t ap klere a, yo tande vwa Papa a: sila a se pitit mwen renmen anpil la, koute li". Alelouya, alelouya. R/

 

LEVANJIL

Menm Bòn Nouvèl Jezi Kri dapre Lik  9, 28b–36

Jou sa yo Jezi pran Pyè, Jan ak Jak, li monte sou yon mòn pou li te lapriyè. Pandan li t ap lapriyè, aparans vizaj li vin chanje, rad li te vin blan epi li t ap klere – vin genyen de moun ki kanpe bò kote li epi yo t ap pale ak li, se te Moyiz ak Eli, yo te parèt nan bèlte epi yo t’ap pale ak li sou deplasman  li te gen pou fè nan vil Jerizalèm nan. Dòmi an te lou nan je Pyè ak nan je sila yo ki te ansanm avèk li yo, lè yo reveye, yo wè bèlte li ak de moun yo ki te kanpe avèk li yo. Nan menm moman sa, yo t ap deplase kite li, Pyè di Jezi: "Mèt li ta byen bon pou nou rete isi a, an nou fè twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz ak yon pou Eli. Li t ap di sa paske li pat konnen kisa pou li te di. Pandan li t ap pale toujou gen yon nyaj ki vini, li kouvri yo ak lonbraj li, laperèz te pran yo pandan yo t ap antre nan nyaj la. Yon vwa pale nan nyaj li, li di: Sa a se pitit mwen renmen an, koute li. Lè vwa a fin pale, yo wè Jezi sèlman ki te kanpe. Yo te fè silans, epi yo pat di pèsòn anyen sou sa yo te wè yo.’’

Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la!

 

== ==

 

PRIYÈ KOMINOTÈ

Dimanch 12 Janvye 2025

 (Ane C)

““Bondye renmen tout pitit li yo””

 

1- Pou legliz la

Batèm Granmèt la, se sous delivrans pitit Izrayèl yo. N ap lapriyè pou Pap François, pou Evèk yo, pou Pè yo ak Dyak yo, se pou Lesprisen an fòtifye yo pou yo ka mache anonse kè poze a ak mizerikòd Granmèt la toupatou sou tè a.

Annou lapriyè.

 

2- Pou lidè yo

N ap lapriyè pou tout dirijan sou tout fas tè a, an n mande Bondye pou l mete sajès nan kè yo, e pou yo tande vwa li, konsa y a travay pou simaye lajistis, sekirite ak lapè nan sosyete yo.

Annou lapriyè

 

3- Pou Malad yo

N ap lapriyè pou tout moun ki malad nan kominote nou an, pou tout moun k ap viv pou kont yo. Ann mande Bondye pou l geri yo e pou l bayo lafwa ak anpil kouraj, konsa yo va soti nan soufrans yo, epi fè lwanj pou Granmèt la.

Annou lapriyè!

 

4- Pou Jèn yo

Granmèt la deklare: “Sila a se pitit mwen renmen anpil la, koute li”. N ap lapriyè pou jèn nan kominote nou an, ak pou tout jèn k ap fè efò pou yo fè sa ki dwat. Ann mande Bondye pou l ogmante lafwa yo, konsa yo va toujou koute vwa Kris la.

Annou lapriyè.

 

5- Pou kominote nou an

“Se li men k ap batize nou nan Lesprisen an ak nan dife”. N ap lapriyè pou kominote nou an, pou gwoup yo ak layik angaje yo. Ann mande Bondye pou l soufle souf Lesprisen an sou yo, e ede yo bati yon kominote kote renmen, lapè, lajistis, ak laverite ap boujonnen.

Annou lapriyè!

TELECHAJE PRIYÈ INIVÈSÈL LA

LIV NOU DWE ACHTE

 

LÈKTI DIMANCH

 

KÒMANSMAN REFLEKSYON SOU LEKARISTI

 

VALÈ MORAL NAN YON SOSYETE

 

ALFABÈ LANG KREYÒL AYISYEN AN

 

KONTAKTE NOU

LÈKTI AK PRIYÈ INIVÈSÈL AN FRANSE

 

 

© 2017-2023• Koleksyon Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann